Seksyon Pwoteksyon Refije, Lèt konvokasyon - Ajoutman A.

​​Kowona – Sa w bezwen konnen avan w rive nan odyans lan

Pandan ke Komisyon Imigrasyon ak Refijye (KIR) pral reprann odyans yo sou plas, men kèk desizyon enpòtan pou lasante ak sekirite pou pwoteje patisipan, anplwaye ak vizitè yo nan sal odyans yo.

Silvouplè, pran nòt sou tout restriksyon sa yo :

Moun kap mande azil : Moun k ap fè demann azil ki gen mwens ke 18 ane pa bezwen patisipe nan odyans Seksyon Pwoteksyon Refijye (SPR) yo amwens ke Seksyon an ta mande sa; byenke yo kapab patisipe si yo menm ak reprezantan yo a swete sa. SPR pwograme odyans yo yon fason pou respekte distans fizik ki dwe genyen ant moun yo, konsa kantite patisipan nan yon odyans ka diminwe tou. Silvouplè voye yon lèt,10 jou avan dat odyans lan, pou fè SPR konnen si w ap vini ak yon demandè ki gen mwens ke 18 an (enfòmasyon pou w rantre an kontak ak nou nan lèt konvokasyon ou resevwa a).

Obsèvatè yo : Toutotan ke n ap aplike mezi sekirite ak lasante kont korona a, Komisyon pou Imigrasyon ak Refigye (KIR) vle limite kantite obsèvatè kap patisipe nan odyans yo, konsa nou ka respekte distans fizik la. Silvouplè ekri SPR 10 jou alavans si w ap vini ak yon obsèvatè (tankou yon sipòtè ou yon ankourajman).

Temwen : Ou kapab mennen kèk temwen nan odyans ou. Selon règleman SPR yo, ou dwe voye yon lèt 10 jou alavans pou w enfòme SPR sou sa. Ou dwe bay non temwen wap genyen yo, rezon temwayaj la, kantite tan temwayaj la ap dire, ki sa temwen an ye pou ou e si l ap bezwen yon entèprèt. Konsatou, nan lèt wap voye 10 jou avan odyans lan bay SPR a, wap fè konnen si temwen an ap vini an pèsònn, ou si l ap temwaye pa telefon. Pandan Korona a e pandan n ap pratike mezi pwoteksyon yo, sil posib, fè aranjman pou temwayaj la fèt pa telefòn.

Lè w resevwa lèt konvokasyon w, ou dwe chache konnen Desizyon sou lasante ak sekirite SPR yo.

Ou dwe tou ranpli Kestyonè evalyasyon pèsonèl la.